๐๐ฆ๐ฑ๐ช ๐ฅ๐ช๐ฎ๐ข๐ฏ๐ค๐ฉ 29 ๐ซ๐ฆ๐ฏ ๐ข๐ฏ, ๐บ๐ฐ๐ฏ ๐ท๐ช๐ฅ๐ฆ๐บ๐ฐ ๐ฌ๐ฐ๐ต๐ฆ ๐-๐๐ฐ๐ฆ ๐ก๐ฆ๐ฏ๐ฏ๐บ ๐ต ๐ข๐ฑ ๐ณ๐ฆ๐ฑ๐ฐ๐ฏ๐ฏ ๐ข๐ฌ๐ช๐ป๐ข๐ด๐บ๐ฐ๐ฏ ๐๐ข๐บ๐ฆ๐ด๐ต๐ธ๐ฐ ๐๐ช๐ค๐ฉ๐ช๐ฆ ๐ด๐ฐ๐ถ ๐ด๐ฆฬ๐ฏ ๐ญ๐ข๐ฏ ๐ข๐ฑ ๐ง๐ฆฬ ๐จ๐ธ๐ฐ ๐ท๐ข๐จ ๐ด๐ฐ๐ถ ๐ณ๐ฆ๐ป๐ฐ ๐บ๐ฐ. ๐๐ข๐ธ๐ฐฬ๐ญ ๐ญ๐ช ๐บ๐ฐ ๐ต๐ฆ ๐ฌ๐ญ๐ฆฬ ๐ฆ๐ฑ๐ช ๐ง๐ณ๐ข๐ฑ๐ข๐ฏ : ยซ ๐๐ฐ๐ฏ๐ฑ๐ณ๐ข๐ฏ๐ฏ ๐ฌ๐ฆ ๐ฏ๐ฐ๐ถ ๐ฑ๐ข ๐จ๐ฆ๐ฏ ๐ฎ๐ฆ๐ฏ๐ฎ ๐ฌ๐ช๐ญ๐ต๐ช ๐ข๐ท๐ฆฬ ๐ธ, ๐ฌ๐ช ๐ญ๐ฆ๐ท๐ฆ ๐ฏ๐ข๐ฏ ๐๐ณ๐ฐ๐ฑ๐ช๐ค๐ข๐ฏ๐ข / ๐๐ฆ๐ฑ๐ต๐ฆ๐ฏ ๐บ๐ฐ๐ถ๐ฏ ๐ฅ๐ช๐ท๐ช๐ป๐ฆ ๐ข๐ฌ ๐ญ๐ฐฬ๐ต. ๐๐ฐ๐ถ ๐ฎ๐ฆ๐ฏ๐ฎ ๐ฏ๐ฐ๐ถ ๐ฑ๐ข ๐จ๐ฆ๐ฏ ๐ฌ๐ช๐ญ๐ต๐ช ๐ด๐ข. ยป ๐๐ฆ๐ฏ ๐ด๐ช ๐ข๐ฏ๐ฑ๐ช๐ญ ๐ง๐ข๐ฏ๐ข๐ต๐ช๐ฌ ๐ธ๐ฆฬ ๐ญ๐ข๐ฅ๐ข๐ฏ ๐ญ ๐บ๐ฐ๐ฏ ๐ท๐ฆ๐ณ๐ช๐ต๐ฆ ๐ฎ๐ช๐ป๐ช๐ฌ๐ข๐ญ, ๐ญ๐ช ๐ฆ๐ฏ๐ฑ๐ฐฬ๐ต๐ข๐ฏ ๐ฑ๐ฐ๐ถ ๐ฏ ๐ฑ๐ณ๐ข๐ฏ ๐ฅ๐ช๐ด๐ต๐ข๐ฏ๐ด, ๐จ๐ข๐ฅ๐ฆ ๐ฑ๐ช ๐ง๐ฐ๐ฏ, ๐ฆ๐ฑ๐ช ๐ฑ๐ฐ๐ป๐ฆ ๐ต๐ฆฬ๐ต ๐ฏ๐ฐ๐ถ ๐ฌ๐ฆ๐ด๐บ๐ฐ๐ฏ : ๐ฌ๐ช๐ด๐ข ๐ฌ๐ช ๐ฌ๐ข๐ค๐ฉ๐ฆ ๐ฅ๐ฆฬ๐บ๐ฆฬ ๐ฅ๐ฆ๐ฌ๐ญ๐ข๐ณ๐ข๐ด๐บ๐ฐ๐ฏ ๐ด๐ข ๐ข ?
Malerezman, mwen konstate anpil moun ap pran pawรฒl T-Joe Zenny a ak yon senplisite ki ekzajere, san yo pa chรจche konprann sa l ap di nan fondalnatal li. Yo pran li nan premye degre, jan li sรฒti :
ยซ Konprann ke nou pa gen menm kilti avรจ w, ki leve nan Tropicana / Septen youn divize ak lรฒt. Nou menm nou pa gen kilti sa. ยป
Pawรฒl sa yo pa egziste nan yon vid. Yo fรจt nan mitan yon rivalite k ap vin pi pรจsonรจl ant 2 gwo figi mizik ayisyen an. Men sa ki ta dwe enkyetan, se pa repons lan li menm, men orijin ideyolojik li, ak jan li lonje dwรจt sou Richie, epi ak ekstansyon, tout yon rejyon, kรฒm ยซ trรจ kiltirรจl ยป.
Gen moun ki panse T-Joe jis di verite a sou diferans ant gwoup mizikal yo. Men se la danje a ye. Si nou pa reflechi pi fon sou diskou a, nou riske rate sans pi pwofon li epi kite pwoblรจm lan agrave.
๐ฆ๐ฒ ๐ฝ๐ฎ ๐๐ผ๐๐ ๐๐ฎ ๐ผ๐ ๐๐ฎ๐ป๐ฑ๐ฒ ๐ธ๐ถ ๐ธ๐น๐ฒฬ ๐๐ฎ๐ป๐ธ๐ผ๐ ๐ฑ๐น๐ผ
Lรจ T-Joe site Tropicana ak Septentrional, li pa sรจlman mete aksan sou diferans estil mizikal. Li trase yon lyen dirรจk ant orijin jeyografik Richie (Okap, Nรฒ peyi Dayiti) ak karaktรจ li, konpรฒtman li, ak konfli yo genyen. Li pa jis ap fรจ yon analiz sou Mayestwo Klass la, li ap eseye esplike Richie sou kote li soti.
Sa a pa yon kritik pรจsonรจl ni yon analiz mizikal ankรฒ. Se yon jeneralizasyon kiltirรจl, yon jijman sou orijin ak karaktรจ, ki blame yon rejyon kรฒm rasin yon pwoblรจm. Se tankou li di : ยซ Ou pa ka aji lรฒt jan, paske ou se moun Okap ยป. Yon pawรฒl konsa tonbe nan atak etnik, menmsi li pa parรจt agresif sou fรฒm. Li se yon deklarasyon ki minimize, maske, epi mete etikรจt sou tout yon zรฒn ak tout moun ki soti ladan l.
๐ฌ๐ผ๐ป ๐ฝ๐ฎ๐๐ผฬ๐น ๐ธ๐ถ ๐ฝ๐ผ๐๐ฒ ๐ฝ๐น๐ถ๐ ๐ฝ๐ฎ๐๐ฒ ๐น๐ถ ๐ฝ๐ฎ๐ฟ๐ฒฬ๐
Nan tout sosyete, diskou piblik yo pa janm inosan. Atis yo, kรฒm figi enfliyan, gen yon pouvwa fรฒmatรจ. Se pou sa, nou pa ka jeneralize sou baz kilti rejyonal, ni fรจ etikรจt sou konpรฒtman moun daprรจ kote yo sรฒti.
Nou pa kwรจ T-Joe Zenny te vle di nou se Richie ยซ sรจlman ยป kรฒm sipรจsta nan HMI la ki gen konpรฒtman sa l ap tante denonse a. Jamรจ. Menmjan tou chantรจ Kreyรฒl-la pa ka mete nan tรจt li l ap izole majonjon Klass la akoz orijin li, fรจ pase yon mesaj kote ยซ moun ki soti Okap toujou konsa ยป. T-Joe mete tout yon zรฒn nan menm panye zoranj li estime ki pouri a, epi se konsa stigmatizasyon kiltirรจl pran nesans. Se sa yo rele yon pawรฒl ki ยซ sanble senp men ki chaje ยป.
๐๐ถ๐๐ถ๐๐๐ผ๐ป ๐ฝ๐ฎ ๐๐ฒฬ๐น๐บ๐ฎ๐ป ๐ฎ๐ป๐๐ฟ๐ฒ ๐ฎ๐๐ถ๐, ๐น๐ถ ๐ฎ๐ป๐๐ฟ๐ฒ ๐น๐ฎ๐ธ๐ฎ๐ ๐ณ๐ฎ๐ป๐ฎ๐๐ถ๐ธ ๐๐ผ ๐๐ผ๐
Rezo sosyal yo temwen yon lavalas pawรฒl piman bouk, men pi grav toujou, yo temwen ralantisman respรจ ant fanatik, divizyon sou baz zรฒn, epi menm menas. Si nou pa regle langaj atis nou yo, nou riske fรจ mizik tounen sous divizyon peyi a menm pase politik.
Nan yon HMI ki deja fragil ak chaje tansyon pรจsonรจl, pawรฒl tรจt anba T-Joe Zenny an kapab mete plis dife sou lwil konfli endistri a.
Deklarasyon sa a pa sรจlman chita sou Richie, men li ka leve divizyon, yigyang ak revanch ant fanatik ak atis ki soti nan gran Nรฒ ak sila ki soti nan gran Sid. Se pa jis yon diferans opinyon, men yon divizyon potansyรจl sou baz orijin.
HMI la deja ap soufri. Sa l bezwen se kolaborasyon, inovasyon, epi yon lespri rasanble. Nou pa ka tolere deklarasyon ki divize moun daprรจ orijin, ni mennen chay pre-jije sou do kilti rejyonal yo.
๐ ๐ฒ๐๐ฎ๐ท ๐ฝ๐ผ๐ ๐ฝ๐ถ๐ฏ๐น๐ถ๐ธ ๐น๐ฎ, ๐ณ๐ฎ๐ป๐ฎ๐๐ถ๐ธ ๐๐ผโฆ
Nou bezwen pi bon kapasite analiz. Se moman pou nou aprann pa limite tรจt nou ak sa nou tande dirรจk. Se devwa nou kรฒm sitwayen, kรฒm entรจprรจt sosyal, pou nou li ยซ sa moun di a, san yo pa di l dirรจk ยป. Lรจ nou manke fรจ sa, nou vin repete pre-jije, n ap ankouraje stigmatizasyon, epi nou mete tรจt nou pilwen reyalite nasyonal la.
Fanatik yo gen dwa defann atis yo. Men defann pa dwe fรจmen lespri. Li lรจ pou nou aprann li sa ki di a, men tou sa ki enplike ladann. Nou dwe mande atis nou yo plis matirite nan diskou yo, epi nou menm kรฒm piblik, dwe sispann aplaudi pawรฒl ki ka detwi rasanbleman. Se pa tan pou nou mete dife sou flanm, se tan pou nou soufle sou li, pou nou rebati amoni ak respรจ youn pou lรฒt.
Atis yo gen mikwo. Men chak fraz yo pote pwa. Epi pwa sa, pafwa, ka kraze plis pase li leve. Mizik se yon zouti libรจte, pa fรจ l tounen zam divizyon.
๐๏ธ ๐ฟ๐๐๐ช๐๐ค๐ฃ๐ฃ๐ฬ ๐ฟ๐๐ฃ๐ฉ๐ค๐ง ๐๐ ๐พ๐๐, ๐๐ค๐ช๐ฃ๐๐ก๐๐จ, ๐ค๐๐จ๐ฬ๐ซ๐๐ฉ๐ฬ ๐ ๐๐ก๐ฉ๐๐ง๐ฬ๐ก, ๐ฅ๐๐ฉ๐๐ฏ๐๐ฃ ๐๐ข๐ค๐ฃ๐ ๐ฃ๐๐ฃ ๐๐๐