Depi kèk jou, rezo sosyo yo cho anpil ak yon gwo deba sou vizibilite Melchie Daëlle « Corventina » Dumornay nan piblikasyon imaj enstitisyon foutbòl entènasyonal yo. Anpil Ayisyen ap poze kesyon : Èske se yon stratèji pou diminye enpak li ? An n chache konnen sa koze a ye ak reyaksyon divès espesyalis nan dòmèn lan.
Nan dènye semèn sa yo, anpil Ayisyen remake yon gwo diferans nan fason « FIFA Women’s World Cup » ak « UEFA Women’s Champions League » fè piblikasyon imaj sou jwez ayisyen Melchie Daëlle « Corventina » Dumornay sou Fesbouk. Èske gen yon bagay ki fèt dèyè do piblik la ?
Anpil sitwayen ap mande si sa se yon estrateji pou diminye vizibilite Dumornay, yon jwez ki genyen anpil valè pou Ayiti epi ki gen anpil talan sou sèn entènasyonal la. Moun yo ap reflechi sou sa k ap pase vrèman.
Gen kèk sitwayen ki vle fè yon kanpay pou denonse sa yo konsidere tankou yon inegalite ak diskriminasyon. Yo vle wè tout Ayisyen reyaji pou soutni jwez yo a, ki merite tout rekonesans mondyal.
Men, kisa espesyalis nan domèn lan panse sou sa ? Espesyalis nan teknoloji ak maketin yo esplike diferans lan nan senbòl sa yo, ki ka gen yon enpak sou kijan piblikasyon sa yo fèt. Divès nan yo « StarUne Magazine » pale ak yo prèske klè sou dèmach la epi ta vle bay piblik ayisyen an rezon.

Nicolson Odné, kise yon enjenyè enfòmatik ak kreyatè sit entènèt, epi Marc Eden Jeudy ki se yon enjenyè elektwonik k ap travay nan Radyo Tele Signal bay nou kèk eksplikasyon ki ka ede n konprann teknikman kisa senbòl sa yo vle di nan yon piblikasyon sou Fesbouk.
Nou te voye divès piblikasyon imaj sou Fesbouk enstitisyon sa yo bay 2 espesyalis yo, plizyè pou jwez ayisyen Melchie Dumonay ak kèk lèzòt pou plizyè jwez etranje. Nicolson Odné di nou nan analiz li : « Nou kapab remake nan piblikasyon jwez etranje yo gen yon « Icône globe ». Sa ki vle di « post » pa yo a piblik, tout moun nan mond lan ka wè yo, ke ou abòne ak paj enstitisyon sa yo oswa ou pa abòne ak yo. »
Pou piblikasyon imaj Melchie Dumonay yo, Marc Eden Jeudy, sou bò pa l, souliye pou nou sa nou wè a se yon « Icône d’engrenage (paramètres) », ki siyifi « ou menm sèl ». Kidonk, li se pou yon odyans limite. Tankou sa ka rive se sèl piblik ayisyen an ki sou Fesbouk ki wè piblikasyon imaj ki konsène Dumonay a, si se yo ki piblik enstitisyon sa yo sible a.

Analiz sa yo fè moun poze plis kesyon sou sa k ap pase dèyè sèn nan. Èske se yon kesyon dwa imaj oswa yon lòt estrateji maketin ki dèyè sa ?
Youvens St-Roc, yon espesyalis nan maketin ak dwa imaj, esplike sa ka gen pou wè ak kondisyon sou dwa imaj Dumornay. Ajan li (moun k ap chèche kontra pou li a) ka bay kondisyon sou ki jan imaj li dwe itilize sou rezo sosyo yo. « Ajan Dumonay la ka bay nan ki zòn nan mond lan pou imaj jwez la pibliye ak kòman pou l itilize, sou ki sipò pou yo itilize l, konbyen tan li dwe fè sou paj Fesbouk yon enstitisyon », daprè sa mouche St-Roc di nou.
Anpil Ayisyen ap mande si li se yon kesyon dwa imaj oswa si se yon estrateji ki fèt avèk entansyon pou diminye enpak jwez la sou sèn entènasyonal la.
28 mas 2025, jounal sou entènèt « Haïti-Tempo » te pibliye TOP 5 jwè fanm ki sou wout pou ranpòte Balon lò 2025 lan, daprè GOAL.com. Melchie Dumonay te twouve l nan 3zyèm pozisyon nan epòk la.

Moun k ap sipòte Melchie Dumornay yo mande pou medya ayisyen yo pran pozisyon. Yo vle wè medya yo ekri editoryal pou kritike sa yo konsidere tankou yon inegalite ak yon tantativ pou diminye vizibilite jwez la pou li pa pran balon lò 2025 lan akòz, daprè sa yo di, orijin li.
Pou anpil moun, sa fè yo poze kesyon sou transparans ak ekite nan fason enstitisyon foutbòl yo trete jwez ki soti nan diferan peyi, espesyalman sa ki soti nan ti peyi yo.
An n espere deba sa a ap ouvè pòt pou plis transparans ak ekite nan fason jwez foutbòl yo trete sou sèn mondyal la. Melchie Dumornay merite tout soutyen nou kòm yon nasyon ki fyè de li. An n kontinye bat chalbari pou jistis ak egalite pou tout jwez.