Genyen 252 kadinal ki fè pati kolèj kadinal yo. Nan 10 pou bout 15 jou yo la, swa nan mitan 5 ak 10 me, 135 nan yo ap gen pou rantre nan konklav pou chwazi moun k ap gen pou ranplase pap Franswa ki mouri 21 avril 2025 lan, nan chanm li nan Vatikan.
Moun k ap gen pou ranplase pap Franswa a dwe yon moun ki ka pale ak tout moun, fòk li pa nan zigzani. Li dwe tou yon moun ki kwè nan dwa moun, espesyalman minorite yo, se sa kouran k ap degaje nan mitan majorite a nan kolèj kadinal yo kwè.
Genyen anviwon 20 kadinal ki nan pozisyon pou vin 267yèm pap Legliz katolik, pami yo gineyen Robert Sarah, 79 lane, trè sevè, ki jwenn sipò kadinal afriken konsèvatè yo, ki wè nan li premye pap nwa nan listwa. Genyen tou, italyen Pietro Parolin, 70 lane, refòmatè pase l pa genyen, aktyèl sekretè deta Vatikan. Li tankou se yon premye minis.
Sou 252 kadinal ki konpoze kolèj kadinal yo, se 135 k ap gen pou rantre anndan konklav la (cum clave : nan lang laten), ki siyifi « fèmen ak kle », akoz se yo menm ki gen dwa vote. 117 lèzòt yo pa gen dwa sa.
Kadinal ki pral vote yo ap gen pou fèmen nan Rezidans Sen Mat la pandan tout peryòd vòt yo. Yo p ap gen kontak avèk pèsonn moun deyò : p ap gen telefòn nan men yo, p ap gen entènèt, p ap gen odinatè, p ap gen televizyon, p ap gen jounal.
Anpatan premye jou a, kote yo fè sèlman yon sèl tou vòt, kadinal yo òganize 2 tou vòt chak jou jiskaske yon kandida jwenn yon majorite 2/3 plis 1, sa vle di 90 vòt + 1. Tout patisipan yo oblije kenbe vòt la sekrè.
Chak jou, li ka 1, 2 oswa 3, aprè patisipan yo fin vote, biwo elektoral la ap gen pou konte bilten yo epi boule yo nan yon fou ki gen yon chemine pou lafimen ka monte nan lèzè nan lide pou legetè ak fouyapòt gen yon ide sou rezilta vòt yo. Lafimen nwa a ap siyale yo vòt yo sere sere, alòske lafimen blan an ap fè yo konnen gen yon pap ki fenk eli.
Daprè anpil espesyalis sou kesyon Vatikan ak Legliz katolik, nou riske wè nouvo pap la se yon refòmatè li ye ankò akoz pap Franswa te fè yon kokennchenn kou politik. Pandan pontifika li a, li te fè yon gwo pase men nan kolèj kadinal yo. Li te nonmen 149 kadinal ki soti nan 4 kwen mond lan : afrik, azi, amerik, ewop ak oseyani. Pifò nan yo se refòmatè, ki kwè nan yon Legliz ki pi ouvè sou mond lan epi ki pi pwòch reyalite moun yo.
Nan 149 kadinal sa yo pap Franswa te nonmen an, genyen 108 ki gen dwa vote, pami yo sèl grenn kadinal ayisyen Chibly Langlois, 66 lane. 41 lèzòt yo pa gen dwa sa, alòske genyen 252 kadinal. Sa ki vle di 103 lòt ki rete yo se 2 ansyen pap konsèvatè yo : Jean-Paul II ak Benoît XVI ki te nonmen yo. Se 27 nan yo ki gen dwa vote, 76 pa gen dwa sa. Kidonk, refòmatè yo gen majorite a nan men yo.
Sa ka rive analiz sou diferan ideyoloji k ap degaje nan kolèj kadinal yo nan moman an pa reflete jounen vòt yo. Kidonk, nou pa ta dwe etone si nou wè se yon konsèvatè ki eli oswa se yon kandida ki pa ni konsèvatè ni refòmatè ki eli 267yèm pap Legliz katolik. Se jis yon kesyon chwa, sitou vòt yo ap sekrè. Epi, pa bliye se ak moun nou annafè.