« Guinness Records » : liberyèn sa bat nouvo rekò chèf ki pase plis tan ap fè manje

Evette Quoibia fè istwa kòm nouvo chèf ki bat rekò Guinness nan kategori fè manje san kanpe. Avèk yon tan eksepsyonèl 140 èd tan 11 minit 11 segond, li montre pasyon ak detèminasyon ka mennen nou nan gwo siksè.

Evette, ki soti nan peyi Liberya men ki ap viv nan peyi Ostrali, te lanse maraton pa l la depi 21 fevriye 2024. Sa ki te kòmanse tankou yon defi pèsonèl, tounen yon vwayaj ki te enspire anpil moun. Aprè yon lane, « Guinness World Records » resi rekonèt rekò li a, Jedi 1mye me 2025 la, sa se yon gwo onè pou li ak pou tout kominote li a.

Anvan Evette, Chèf Alan Fisher te kenbe rekò a ak 119 èd tan 57 minit. Se pa sèlman yon konpetisyon ant Chèf yo, men tou yon okazyon pou montre richès kiltirèl yo ak talan yo nan kizin. Règleman Guinness la pèmèt lòt Chèf ki enterese kraze rekò sa a, ki bay yon sans konpetisyon sante ak inovasyon.

2 lòt Chèf ki nan kous sa a se ivwaryèn Zeinab Bancé ki fè 131 èd tan 30 minit, ak ayisyèn Leenchée « Leen » Excellent ki fè plis pase 192 èd tan ap kwit manje. Sa montre kizin se pa sèlman manje, li se yon atizay, epi avèk pasyon, tout bagay posib !

Chèf Leen te reyisi maraton li a soti 7 pou bout 16 avril 2025, nan vil Pari, nan peyi Lafrans. Si responsab « Guinness World Records » yo, aprè etid yo, valide rekò pa l la, l ap vin otomatikman nouvo chèf ki pase plis tan ap fè manje. Kidonk, l ap pase nouvo rekò chèf liberyèn lan, Evette Quoibia.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *