Arestasyon Maduro : rad li te genyen sou li a tounen yon machin lajan pou Nike

Yon imaj ka chanje tout bagay. Aprè arestasyon prezidan venezyelyen Nicolás Maduro, rad li te mete nan moman entèpelasyon an vin tounen yon fenomèn mondyal. Ant politik, lamòd ak kilti popilè, tandans lan pran dife sou entènèt la.

Rad Maduro te gen sou li lè yo arete l la ap vann tankou pate cho. Daprè yon foto ki vin viral sou rezo sosyal yo, Donald Trump te pibliye sou paj li pou montre yo gen kontwòl Nicolàs Maduro, prezidan venezyelyen an te abiye ak yon tracksuit Nike Tech Fleece koulè nwa ak gri. Yon aparisyon senp, men ki sifi pou mete dife nan mache lamòd la.

Depi lè sa a, rechèch ak demann pou menm rad la vin anraje. Sou sit « e-commerce » ak nan magazen yo, stòk yo fini rapid vit. Tout moun vle menm « look » la, menm stil la. San okenn kanpay piblisite, Nike ap fè yon gwo kou finansye, gras ak yon imaj ki sòti dirèk nan aktyalite jeyopolitik la.

Nan yon bat je, jeyopolitik rankontre lamòd, epi kilti popilè pran kontwòl. Yon evènman politik grav tounen sous tandans ak konsomasyon masiv. Istwa sa a montre klèman jan pouvwa imaj, rezo sosyal ak mak mondyal yo mare ansanm nan epòk nou an, kote menm arestasyon yon chèf leta ka kreye yon « buzz » komèsyal san parèy.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *