Dimanch 21 desanm 2025 la make yon gwo chòk nan kominote ayisyen an, espesyalman nan dyaspora a, ak arestasyon jounalis kiltirèl ayisyen Carel Pedre nan Konte Broward, Etazini Damerik pou wonfle fanm ak pataswèl.
Daprè enfòmasyon ki parèt sou dosye ofisyèl lapolis la, otorite Broward yo te alète twa (3) fwa konsènan menm sitiyasyon an. Se aprè twazyèm alèt la, ki te fèt aprè zak vyolans lan, lapolis te deside reyaji epi mete Carel Pedre anba kòd, pou yon dosye vyolans sou yon fanm li gen anba chal.
Chaj ki kenbe kont li a klase kòm « Touch or Strike / Battery / Domestic Violence », yon akizasyon grav selon lwa Eta Florid. Aprè arestasyon li, jounalis 45 lane a te transfere nan Broward Main Jail, san okenn kosyon (bail fikse a 0 dola).
Arestasyon sa a soulve anpil kesyon, sitou lè se yon figi piblik, yon vwa kiltirèl ak medyatik, ki konsène. Li relanse tou deba sou vyolans domestik, yon flewo ki kontinye ravaje fanmi, kèlkeswa nivo edikasyon, estati sosyal oswa vizibilite moun yo.
Nan respè prensip legal yo, tout sitwayen konsidere inosan jiskaske lajistis pwouve sa kontrè. Sepandan, dosye sa a deja mete yon ti limyè sou nesesite pou denonse, pran responsablite epi konbat vyolans domestik, menm lè sa konsène pèsonalite piblik.
Pou kounye a, pa gen okenn reyaksyon piblik ni nan men Carel Pedre, ki gen yon wotè 6 pye ak yon pwa 240 liv, ni nan men ekip legal li. Otorite yo pa bay plis presizyon sou dosye a, pandan pwosedi jidisyè a ap swiv kou nòmal li.
N ap kontinye swiv dosye sa a deprè pou pote plis enfòmasyon bay piblik la, selon devlopman jidisyè yo.
