Tankou chak ane, chamàn Pewou yo fè konnen prediksyon yo pou ane 2026 la, pandan yon seremoni tradisyonèl ki melanje rityèl espirityèl ak bweson ki gen pwopriyete alisinojèn (vire lòlòj moun).
Daprè chamàn yo, ane 2026 la ka pote gwo boulvèsman sou sèn entènasyonal la. Yo anonse prezidan ameriken an Donald Trump ap gen pou tonbe gravman malad, pandan prezidan venezwelyen an Nicolas Maduro ka oblije kite peyi li pou chape anba presyon politik. Deklarasyon sa yo deja fè anpil bri sou rezo sosyal yo.
Nan menm seri prediksyon an, chamàn yo prevwa viktwa Keiko Fujimori, pitit fi ansyen prezidan Alberto Fujimori, aprè plizyè tantativ li te fè san siksè nan eleksyon prezidansyèl yo. Yo pale tou sou konfli atravè mond lan k ap gen pou kontinye, san yo pa bay plis detay sou ki zòn ki pral pi afekte.

Malgre enterè ak kiryozite prediksyon sa yo soulve, anpil obsèvatè raple nesesite pou pran yo ak anpil prekosyon. Nan tan pase, menm gwoup chamàn sa yo te deja anonse fen lagè Ikrèn nan an 2023, oswa yon « lagè nikleyè » ant Izrayèl ak Gaza, prediksyon ki pa t janm reyalize.
Pandanstan, deklarasyon chamàn Pewou yo, ki souvan frape lespri moun, vin relanse deba a sou reyalite politik mondya la. Ant kwayans ak reyalite, pwofesi sa yo rete plis yon refleksyon kiltirèl pase yon verite klè kou dlo kòk.
