Se pa ti bon nouvèl. Gouvènman ameriken konfime TPS Ayisyen yo ap dire jiska 3 fevriye 2026. Mèvèy ? Kat travay yo ap renouvle otomatikman. Plis tan, plis sekirite, plis lespwa pou fanmi nou yo.
Lavi sou wout legal la kontinye pou plizyè milye Ayisyen Ozetazini. Finalman, aprè plizyè mwa tann ak enkyetid, USCIS (Imigrasyon ameriken) mete fen nan enstabilite a. Yo konfime, vandredi 18 jiyè 2025 lan, nan yon lèt avoka gouvènman an voye bay Jij federal k ap travay sou dosye a, TPS pou Ayisyen yo ap dire jiska 3 fevriye 2026.
USCIS pa gen lòt chwa. Li oblije koube l anba desizyon final Jij Brian Cogan nan New York ki te frape pye l atè, lendi 15 jiyè 2025, pou l te raple yo : « TPS pou Ayisyen pa ka fini anvan 3 fevriye 2026 ». Yon desizyon ki mete fen nan konfizyon, aprè plizyè mwa batay ant avoka imigran Ayisyen yo ak Depatman Sekirite Enteryè (DHS).
Men pi bon nouvèl la toujou : tout kat travay yo ap renouvle otomatikman, san w pa bezwen fè okenn demann ankò. Ou ka kontinye travay legalman, san kanpe, jiska menm dat la, se sa gouvènman an ekri nan lèt li voye bay Jij Brian Cogan lan.
Sepandan, nan lèt sa a, avoka gouvènman an fè konnen USCIS pa pral fè yon lòt nòt soti pou anonse renouvèlman TPS Ayisyen yo, paske administrasyon Biden lan te deja pibliye yon avètisman sou sa. Yo presize, toujou nan lèt la, si yon anplwayè ta deside mete yon imigran sou kote paske kat travay li ekspire, imigran an ap gen dwa prezante swa yon kopi lèt gouvènman an, swa yon kopi desizyon Jij Brian Cogan an kòm prèv valabilite kat la.
Tout moun ki sou estati sa a kapab rale yon ti souf kounye a. Desizyon sa a se yon soulajman pou plizyè milye Ayisyen ki te pèdi dòmi ap tann. Travay, fanmi, lavi chak jou… yo tout depann de estabilite imigrasyon sa a.
Reyaksyon pa pran anpil tan nan kominote Ayisyèn lan. Asosyasyon ak militan imigrasyon ap selebre yon gwo viktwa legal. Se prèv mobilizasyon, dosye byen monte, ak lajistis ka pote chanjman.
Menmsi TPS a pa pèmanan, nouvèl sa a mete tan sou revèy. Ann prepare depi kounye a pou sa k ap vini apre. Men pou kounye a, se tan pou respire, travay, epi planifye avèk plis sekirite.