Haitian Compas Festival : fache kou kong, Roberto Martino kraze brize

Nan yon sware ki te sipoze ranpli ak mizik, dans ak kè kontan, T-Vice te oblije kite sèn nan anvan menm yo te kòmanse. Roberto Martino, chantè chaje talan te kite tout moun sezi ak reyaksyon ki t e montre kòman li te fache. Kisa ki te pase vrèman ?

Nan 27e edisyon Haitian Compas Festival la ki te dewoule nan Nomi Villaj, Miami, 17 me 2025 la, tout moun t ap tann T-Vice pou te mete dife sou sèn lan. Malerezman, tout bagay pa t pase jan l te dwe ye a. Lapolis te kanpe spektak la paske lè pou fini a te rive, sa ki te kite anpil fanatik ak chantè yo, espesyalman Roberto Martino, nan gwo dezapwentman.

Roberto, ki te deja nan mitan yon pèfòmans ki te kòmanse mache byen, te fache anpil lè yo te mande l pou sispann jwe. Li t ap chante ak tout kè l lè li te rache mikwo a epi frape l atè. Videyo k ap sikile sou rezo sosyo yo montre aklè nan ki nivo atis la te santi li fristre epi li pa t kache santiman li.

Òganizatè festival la te esplike sispann pèfòme T-Vice la te nesesè pou respekte règleman sekirite yo. Sepandan, li klè Roberto ak ekip T-Vice yo te fache tankou moun ki manje gèp panyòl. Fanatik yo menm, ki te espere yon spektak memorab, te kite espas la ak yon santiman gou fyèl nan bouch yo.

Se klè aprè sa k pase a, fanatik yo ap tann ak souf kout pou wè kijan T-Vice ap retounen sou sèn mizikal la ak menm pasyon ak enèji yo toujou pote. Espwa yo, se pwochen fwa a, pa gen anyen ki ap bare yo.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *