Ijan : an n met men ansanm pou sove lavi Katiana Milfort

Katiana Milfort, yon aktris ak direktris pwodiksyon k ap soufri nan silans, ap fè fas ak yon doulè ki pa janm pase. Yon operasyon espesyalize aletranje se sèl espwa l pou l reprann kontwòl sou lavi l. An n pran angajman pou ede l jodi a menm.

Depi sèt (7) lane, Katiana Milfort ap mennen yon batay ak yon maladi k ap deteryore chak jou. Depi 2018, li ap viv ak yon disk deplase nan kolòn vètebral li, ki afekte mwèl epinyè li gravman. Doulè a kontinye san rete, sof lè li pran gwo dòz medikaman ki soulaje l pou yon ti bout tan. Li se yon fanm k ap soufri, k ap efase anba pwa yon mal ki pa sispann agrave.

Espwa Katiana se yon operasyon espesyalize ki dwe fèt aletranje. Se sèl mwayen pou komedyèn lan reprann kontwòl sou kò l ak lavi l. San operasyon sa a, chak jou se yon batay pou l fè menm ti aktivite senp tankou chita, kanpe, oswa kouche. Lè nou ede Katiana Milfort, nou ede yon fanm rekipere diyite li ak espwa yon lavi miyò.

Nou konnen bagay yo difisil, men nou kwè nan solidarite, nan fòs konsyans imen nou. Chak kontribisyon, kèlkeswa kantite li ye, ka fè diferans. An n mete men nou ansanm pou n sove lavi Katiana Milfort, lè nou bay komedyèn lan sipò li bezwen pou operasyon li.

Jodi a, nou ka fè diferans nan lavi Katiana Milfort. Chak jès konte. An n mete espwa nou an aksyon pou sove lavi li, epi retabli diyite li. Gen plizyè fason pou ede :

1️⃣ Zelle : 954 348 0315 / Ginite Popote

2️⃣ CashApp : $GinitePopote

3️⃣ MonCash : +509 44 76 65 52 / Katiana Milfort

4️⃣ Western Union / CAM / Uni Transfert / Ria : Nohemie Zamor

5️⃣ UNIBANK (Virement bancaire) :

  • USD : 102-2016-21178661 (Nohemie Zamor)
  • HTG : 102-2015-21178653 (Nohemie Zamor)

6️⃣ PayPal : bagetsda@gmail.com

7️⃣ GoFundMe : gofund.me/ad94d697

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *