Konfli jidisyè ki mete bab pou bab Fabrice Rouzier ak Joé Dwèt Filé a ap pran yon lòt fòm chak jou. Yon dokiman StarUne Magazine gen yon kopi ladan l vin ajoute yon lòt eleman nan dosye a.
Depi 22 avril ki sot pase a, Fabrice Rouzier pote plent nan tribinal New York kont atis franko-ayisyen Joé Dwèt Filé, chantè nijeryan Burna Boy ak komik ayisyen Tonton Bicha pou kopyadò. Li akize yo kòmkwa yo ta itilize pawòl, mizik ak melodi chante « Je Vais », li di se pwopriyete l, pou yo ekri chante pa yo « 4 Kampe ».
Sepandan, gen yon dokiman jiridik, nou genyen nan men nou, ki montre aklè Fabrice Rouzier anrejistre mizik « Je Vais » a 4 fevriye 2025 anba nimewo 00025221, alòske Joé Dwèt Filé te sòti mizik « 4 Kampe » a 24 oktòb 2024.

Kisa espesyalis nan domèn dwa otè panse ?
Mizik « Je Vais » a Fabrice Rouzier ak Clément (Keke) Bélizaire sòti nan lane 2002 sou albòm « Haïti « Twoubadou volume 3 », se yon rimiks mizik « Ti Tass » pwotorik gwoup Twoubadou « Frères Dodo » te soti nan lane 1985. Samdi 26 avril la, Julien Jean, ki se youn nan twa (3) frè ki te kreye gwoup sa a, soti yon videyo kote li di li pa te janm bay Fabrice dwa mizik li a.
Pou Kémissa Trécile, ki se yon avoka espesyalize nan dwa otè, nan ka sa a Fabrice Rouzier ka pa antò, si epi sèlman si, Leta ayisyen te deklare mizik « Ti Tass » la kòm patrimwàn imateryèl (fòlklorik) peyi a, kote kenpòt mizisyen ka itilize l depi l p ap deranje pawòl yo, sa ka rive l menm fouye mizik ak melodi pa l ladan l, epi anrejistre chante a nan biwo dwa otè kòm zèv pa l.
« Daprè Leta ayisyen yon mizik vin konsidere kòm patrimwàn imateryèl peyi a swa aprè 30 lane », se sa Kémissa kwè.
Sepandan, espesyalis la ki fè lisans li nan peyi Lafrans panse Julien Jean ka toujou al depoze plent nan tribinal, si l santi dwa l pase anba pye. Men, fòk li gen prèv moral (dwa moral), si li pa te anrejistre li okenn kote, mizik la se pou li tout bon vre, tankou tèks mizik la, kouvèti albòm oswa CD ki te sòti nan epòk la, swa nan lane 1985.

Sou kesyon anrejistreman legal chante « Je Vais » Fabrice Rouzier fè 4 fevriye 2025, 23 lane aprè mizik la te sòti, Kémissa, ki se tou yon DJ, panse gen yon pwoblèm la, paske lalwa nan peyi Etazini, kote Fabrice depoze plent lan, di dènye delè pou anrejistre yon zèv se 3 mwa aprè li fin sòti. Sepandan, espesyalis nan dwa otè a deklare sa pa twò grav depi selèb pwodiktè ayisyen an ka pwouve nan tribinal la moralman mizik la se pou li.
« Se pa yon pwoblèm si Fabrice Rouzier anrejistre zèv la lòt jou la. Si li potko anrejistre li, devan lalwa li gen dwa moral sitou si li gen bonjan prèv ki montre mizik la se pou li, tankou kouvèti albòm ki te sòti nan lane 2002 a, imaj li ki nan videyo pa li a ki parèt nan videyo Joé Dwèt Filé a ak CD ki te sòti ak foto l », daprè analiz Kémissa.
Dosye sa a riske pandan yon bon bout tan domine aktyalite kiltirèl peyi Dayiti. Anpil obsèvatè avize, fanatik Konpa konseye 2 pati yo pran chimen dyalòg pou rezoud bouch ouvè ki genyen ant yo a, pou lonè peyi a ak mizik ayisyen an, san yo pa bezwen se yon tribinal ki pral sanksyone youn oubyen lòt.
N ap raple pwodiktè Fabrice Rouzier mande tribinal la pou yo bay li yon kòb domaj-enterè ki ka rive jiska 150 000 $ ameriken ansanm ak domaj pinitif kont atis ki konsène yo.