Samdi 28 janvye 2025, lanmè Kadras, Labadi, tounen sèn yon gwo trajedi kote yon kannòt ki t ap transpòte etidyan Fakilte Syans Enfòmatik Inivèsite Anténor Firmin (UNAF) chavire pandan yon sòti. Nouvèl la simaye rapid, men trennen anpil konfizyon dèyè l. StarUne Magazine fouye zo nan kalalou sou dosye a pou mete limyè sou sa ki rive tout bon.
Yon doulè ki ravaje Nò peyi Dayiti. Plizyè fanmi leve ak chagren ak laperèz nan vil Okap ak zòn ki bò lanmè Labadi. Yon sòti etidyan ki te sipoze detann yo tounen yon sèkèy madoulè. Kannòt la, ki t ap transpòte etidyan 3yèm ak 4yèm ane nan UNAF, chavire sou lanmè Kadras. Gen moun ki mouri, lòt sove, anpil lòt anba chòk.
Daprè enfòmasyon StarUne Magazine ranmase, aktivite sa a pa te sou kont Inivèsite Anténor Firmin an ofisyèlman. « Nou pa t okouran aktivite lanmè sa. Se yon gwoup etidyan ki rele tèt yo « Sektè Prive » ki te mete sòti sa sou pye », se sa yon sous nan inivèsite a, ki pa vle non l site, eksplike.
Gwoup sa a, toujou daprè sous la, konn pran inisyativ endepandan, ki souvan pa ale nan menm direksyon ak komite Fakilte Syans Enfòmatik UNAF la. Sous sa nou fè anpil konfyans presize toune ofisyèl fakilte a te deja fèt 26 jen 2025 ak tout sipèvizyon nesesè.
Kòman kannòt la fè chavire ?
Responsab ak temwen sou teren an fè konnen kannòt la pa t twò chaje. Men, lanmè a te ajite, ak vag k ap sekwe l, dlo te kòmanse antre. Sa te mete kèk etidyan nan panik.
« Plizyè nan yo te leve kanpe pou yo pa mouye, malgre kaptenn lan te di yo rete chita. Se aksyon sa ki lakoz kannòt la chavire », se sa yon etidyan ki soti vivan rakonte StarUne Magazine.
Kaptenn lan, selon menm sous la, te bay direktiv klè pou evite panik, men reyaksyon moun yo pa te kontwole. Li te di yo rete chita pou malè pa rive. Kòm yo pa tande, kannòt la chavire.
Bilan : 1 moun mouri, pa 12
Youn nan pi gwo konfizyon ki te simaye sou rezo yo se kantite viktim yo. Men enfòmasyon ofisyèl StarUne Magazine rive jwenn konfime kannòt la te gen 21 moun ladan l, epi 1 moun sèlman pèdi lavi l : Ralphnie Étienne, yon envite, selon yon lis non etidyan ki te nan kannòt la, youn nan responsab aktivite a di li genyen nan men l.
« Li pa mouri nwaye, men se pandan nou t ap mennen li lopital Justinien Okap, nan machin nan, li te rann dènye souf li », se sa responsab la di nou.
Trajedi sa a pote yon gwo leson : pa gen aktivite etidyan ki dwe fèt san planifikasyon, san sekirite, ak san otorizasyon. Etidyan yo dwe konprann gravite sa yo mete tèt yo ladann lè yo pran inisyativ san kontwòl. StarUne Magazine kontinye mennen ankèt sou dosye sa, epi nou ap pote lòt detay nan pwochen atik nou. Rete branche.