Sou yon staj nan vil Okap, figi piblik Laplanta, olye chalè ak bravo, resevwa yon silans brital, yon kout dlo glase ki kase tout anbyans lan. Yon vag endiferans ki fè plis bwi pase mizik.
Nan yon videyo k ap sikile sou rezo sosyo yo, nou kapab remake fesboukè Hervé Laplante, tout moun konnen sou non Laplanta, sou yon stej nan yon bal nan vil Okap, aprè peyi Etazini fin depòte l, mèkredi 16 jiyè 2025 lan, nan peyi Dayiti, espesyalman nan dezyèm vil peyi a.
Imaj la frape fò : yon figi piblik ki te ranpli rezo a ak bwi, rive sou stej Okap la, men pito pase yon bat bravo, li jwenn yon silans lou, glase. Laplanta di : « Okap, bonswa », foul la pa reponn. Lè li sote : « M son vye depòte, nou pa ka reponn. Sa k pase la ? », li pa sèlman pale, li mete plizyè doulè deyò.
Sèn sa a se pa yon senp epizòd. Li se yon refleksyon vivan sou kijan sosyete a jije, mete etikèt, epi pafwa rejte. Depòte, nan imajinè kolektif Ayisyen an, souvan vin tounen yon mak, yon fado sosyal, menm lè se pa moun nan ki koze sò li. Laplanta, sou menm stej kote li te ka resevwa lanmou, jwenn yon kout dlo frèt. Li pa menm gen dwa sou bonswa li.
Men pi fon toujou, gen yon nonm ki retounen nan peyi li pa sou baz viktwa, men sou baz refoulman. Gen blesi pèsonèl ki pa vizib nan kamera a : pèdi teritwa, pèdi estati, pèdi ilizyon sou sa ou te panse ou te reprezante. Repons frèt foul la, se pa sèlman sou Laplanta, li se refleksyon yon peyi ki chaje ak fristrasyon, ak tèt chaje, ki souvan lage kòlè li sou sa ki pi frajil yo.
𝗦𝗮 𝗺𝗼𝗻𝘁𝗿𝗲 𝗮𝗸𝗹𝗲̀ 𝗼̀𝗴𝗲̀𝘆 𝗮𝗸 𝗳𝘆𝗲̀𝘁𝗲 𝗞𝗮𝗽𝘄𝗮 𝗮 𝗽𝗮 𝗱𝗶𝘀𝗸𝗶𝘁𝗲
Si nou vle ale pi lwen nan refleksyon nou an, nou ka gade sa k pase a sou yon lòt fasad. Gen moun ki ka di w sa k pase Laplanta a montre aklè ògèy ak fyète Kapwa a la toujou. Fesboukè a te fè sa. Ebyen, Okap reponn. Epi pa t gen tan pou pèdi. Kapwa yo te jwenn bon okazyon pou yo mete l nan vrè plas li. Pwen boul !
Pou mwen menm, sa k rive Laplanta a ka plis pase sa nou wè a. Si nou vle, nou ka gade l sou sèn mizikal la. Pa bliye KLASS, youn nan 5 pi gwo ak pi bèl gwoup mizikal Ayiti, gen yon baz fanatik solid Okap. Epi fanatik sa yo pa jwe. Yo konnen kijan pou defann sa yo renmen, kijan pou montre ki kote fyète yo chita. Yo pa bliye kijan Laplanta te konn tire sou KLASS sou rezo sosyo yo… Ebyen, jou sa a, yo reponn kòmsadwa ak demonstrasyon ki gen nen nan vizaj li epi jèvrin.
Men sa ki pi etone : fyètè moun Okap lan pa janm pran reta, li pa janm febli, epi li toujou parèt kote w pa atann li. Gen yon bagay sakre, yon flanm ki pa mouri, nan jan Kapwa yo mete tèt yo sou sa yo kwè ladan l.
Èske se senp lanmou pou fòmasyon mizikal la ? Èske se yon kesyon ògèy vil la ? Oswa èske gen yon bagay pi fon, pi antwopolojik, ki kache dèyè sa a ?
Antouka, sa pou n eseye konprann ògèy ak fyètè moun Okap toujou rete yon bagay difisil pou esplike. Sa rive jouk jounen jodi a, epi li kontinye etone anpil moun. Petèt li lè pou antwopo-sosyològ ayisyen yo pran dosye sa an men. Okap pa yon vil, se yon afè Site Kristòfyen !
Finalman, reyaksyon Laplanta a, « M son vye depòte… », se pa jis fawouch li bay tèt li. Se yon kri, yon fason pou li denonse stigmatizasyon, fè pèp la tande li toujou la, li pa pè ekzistans li. Pa gen senp repons pou sèn sa a. Men li merite refleksyon. Paske dèyè rèl sa a, gen tout yon sosyete k ap rele, li menm tou.
𝘿𝙞𝙚𝙪𝙙𝙤𝙣𝙣𝙚́ 𝘿𝙖𝙣𝙩𝙤𝙧 𝙎𝙏 𝘾𝙔𝙍, 𝙟𝙤𝙪𝙣𝙖𝙡𝙞𝙨 / 𝙙𝙤𝙠𝙞𝙢𝙖𝙣𝙩𝙖𝙧𝙞𝙨