Vrè non l se Jorge Mario Bergoglio. Li fèt nan vil Buenos Aires (Argentine) an 1936. Li mouri 21 avril 2025, bò 7tè 35 (nan lè Vatican), nan laj 88 lane. Franswa se yon pap ki diferan pou rezon sa yo.
✅𝐏𝐫𝐞𝐦𝐲𝐞 𝐧𝐚𝐧 𝐲𝐨𝐧 𝐩𝐚𝐤è𝐭 𝐛𝐚𝐠𝐚𝐲 : Li se 1ye pap ki sòti nan lòd Jezuit yo, 1ye pap Amerik Latin bay, epi 1ye pap ki pa sòti nan kontinan Ewòp depi plis pase 1 200 zan. Nan lane 2013, lè l vin pap, li chwazi non « Francis » pou onore St. Francis d’Assisi, akoz senplisite l ak lanmou l pou pòv yo.
✅𝐈𝐦𝐢𝐥𝐢𝐭𝐞 𝐚𝐤 𝐒𝐞𝐧𝐩𝐥𝐢𝐬𝐢𝐭𝐞 : Pap Franswa te chwazi viv nan yon kay senp, li te evite tout bagay ki ka fè l parèt siperyè pase lòt moun. Li prefere mete rad senp epi li te konn di Legliz la dwe rete toupre moun yo. Souveren pontif la te refize woule gwo limouzin tankou ansyen pap yo, li te prefere yon ti machin tou piti.
✅𝐏𝐨𝐳𝐢𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐬𝐨𝐮 𝐋𝐆𝐁𝐓𝐐+ : Lè yo mande l opinyon l sou katolik ki omoseksyèl. Li choke mond lan lè li reponn : « Kilès mwen ye pou m jije ? ». Li te mete aksan sou mizèrikòd, konpasyon, epi li ankouraje enklizyon olye de rejè.
✅𝐏𝐰𝐨𝐭𝐞𝐤𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐀𝐧𝐯𝐢𝐰ò𝐧𝐦𝐚𝐧 : Nan lane 2015, pap Franswa ekri yon liv ki rele « Laudato Si ». Liv sa, se 1ye dokiman legliz katolik sou chanjman klimatik. Li mande tout moun pou pran swen lakay yo ki se planèt la.
✅𝐃𝐞𝐟𝐚𝐧𝐬è 𝐃𝐰𝐚 𝐌𝐢𝐠𝐫𝐚𝐧 𝐚𝐤 𝐑𝐞𝐟𝐢𝐣𝐲𝐞 𝐲𝐨 : Li te toujou pale anfavè migran ak refijye yo, li di imigrasyon se yon dwa moun. Li souvan vizite kan refijye yo epi mande refij pou moun sa yo.
✅𝐄𝐬𝐤𝐚𝐧𝐝𝐚𝐥 𝐀𝐛𝐢 𝐒𝐞𝐤𝐬𝐲è𝐥 𝐧𝐚𝐧 𝐋𝐞𝐠𝐥𝐢𝐳 : Sijè sa se yon gwo dosye, men pap Franswa pa t pè manyen l. Li kreye komisyon pou pwoteje timoun, li revoke plizyè evèk ak prèt ki te koupab nan abize timoun, epi li modifye lwa legliz la sou dosye sa pou plis transparans.
✅𝐊𝐫𝐢𝐭𝐢𝐤 𝐬𝐨𝐮 𝐊𝐚𝐩𝐢𝐭𝐚𝐥𝐢𝐬 𝐚𝐤 𝐈𝐧𝐞𝐠𝐚𝐥𝐢𝐭𝐞 : Pap Franswa te kondane sistèm ekonomik kote lajan se wa, li rele sa « idolatri lajan ». Li te ankouraje yon sistèm ki mete moun avan pwofi, sitou moun ki pi pòv yo.
✅𝐒𝐢𝐩ò 𝐩𝐨𝐮 𝟐 𝐠𝐚𝐬𝐨𝐧 / 𝟐 𝐟𝐚𝐧𝐦 𝐦𝐚𝐫𝐲𝐞 𝐚𝐧𝐭𝐫𝐞 𝐲𝐨 : Nan yon dokimantè ki sòti an 2020, Franswa se 1ye pap ki rekonèt inyon sivil moun menm sèks, li rekonèt dwa yo pou yo viv ansanm epi jwenn pwoteksyon legal.
✅𝐀𝐧𝐤𝐨𝐮𝐫𝐚𝐣𝐞 𝐃𝐲𝐚𝐥ò𝐠 𝐧𝐚𝐧 𝐋𝐞𝐠𝐥𝐢𝐳 : Pap Franswa te vini ak yon konsèp ki rele « Synodalité », sa vle di yon legliz ki koute opinyon pèp la, ki mete tout moun ladan san distenskyon. Dyalòg sa yo louvri sou sijè sansib tankou dwa LGBTQ+, wòl fanm yo, ak maryaj prèt yo.
✅𝐓𝐡𝐞 𝐏𝐨𝐩𝐞 𝐨𝐟 𝐭𝐡𝐞 𝐏𝐞𝐨𝐩𝐥𝐞, 𝐏𝐚𝐩 𝐏è𝐩 𝐥𝐚 : Se konsa yo souvan rele pap Franswa. Aprè refòm li yo, pap la te demontre anpil lidèchip. Li tout kote epi li te moun tout moun. Lè Sen-Pè a vizite prizon, li te gen abitid lave pye prizonye yo epi bo l.
✅𝐃𝐲𝐚𝐥ò𝐠 𝐚𝐤 𝐥ò𝐭 𝐫𝐞𝐥𝐢𝐣𝐲𝐨𝐧 𝐲𝐨 : Se grenn pap ki chita pale ak kenpòt lidè relijye atravè mond lan. Li rankontre lidè Islam, Jwif, Boudis, ak lòt relijyon. Li siyen dokiman pou lapè ak tolerans, vizite sinagòg ak moske, epi patisipe nan lapriyè pou inite relijyon yo. Li kwè relijyon ta dwe sèvi pou ini moun, pa divize yo.
Par : Alcé Mackendy Henry