« Straw (Twòp Atò nan lang kreyòl ayisyen) » pa sèlman yon « thriller », li se yon pelerinaj nan reyalite kè sere yon fanm k ap fè fas ak lapenn epi abandon. Avèk Taraji P. Henson nan yon wòl ki atire atansyon tout moun, fim sa touche konsyans epi mete limyè sou soufrans fanm k ap leve pitit pou kont yo.
Li pa koupab. Li se yon fanm ki bouke ak lavi. Janiyah, yon manman selibatè, fini ak batay kont yon sistèm ki lage l. Li travay di, li kenbe tèt li byen dwat. Men yon jou, se twòp atò, pwoblèm lavi a vin twòp pou l pote, li bay vag. Epi li pa gen lòt opsyon ankò. Li rive nan limit li.
Nan premye moman yo, fim nan sanble ap swiv fòm klasik yon « thriller »: Janiyah leve pitit fi li byen bonè, benyen li, mennen l lekòl, epi li ale nan travay li nan yon makèt. Tout bagay sanble nòmal. Men se sèlman aparans.
Nan mitan fim nan, n ap wè Janiyah ap kouri, FBI dèyè li, gen yon bank yo di li brake, panik tout kote. Men trè vit, fim nan chanje ton. Se pa yon kriminèl y ap kouri dèyè l, se yon manman ki pèdi tèt li, ki pa ka sipòte ankò, epi pèsonn pa tande kri li.

Lespri Janiyah pa rive aksepte reyalite a. Li kontinye viv yon lavi ki pa egziste ankò. Tout sa ki sanble ak yon istwa kriminèl vin tounen yon bèl meditasyon sou sa k rele « dèy pa fini », sou chòk mantal aprè yon pèt ki pa janm geri.
Sèn ki kraze tout bagay la, se lè manman Janiyah rele l nan telefòn lan. Li pa konprann poukisa FBI debake kou chango lakay li. Nou menm tou nou pa konprann. Ebyen, se la n ap kòmanse dekouvri laverite. Epi tout bagay kòmanse pran bon sans yo : Janiyah te gentan pèdi tèt li avan sa rive.
Lè nou wè l t al depoze pitit fi li a lekòl la, gen yon bagay ki te pase, men nou sanble pa t twò pote atansyon ak sa. Nou te ka remake direktris lekòl la te gade Janiyah dwat nan je, etranj lè l t ap fè bay-bay la. Se la nou konprann : pitit fi li a te deja mouri. Depi kèk mwa.

Janiyah ap viv ak yon kalite maladi yo rele « sendwòm lavi fantom ». Li toujou ap fè menm aktivite li abitye fè chak jou yo, kòmsi pitit li a te toujou vivan. Li pa ka lage. Doulè li kole tèlman fon, li pa ka kwè pitit li a pa la ankò. Lè fim lan montre l ap kriye pou kont li sou kabann lopital la, nou konprann, li konnen pitit fi li a fè vwèl pou peyi san chapo, men lespri li pa vle aksepte sa. Lanmò sa te dènye gout la.
Se sa ki fè dèy pa jis fè ou mal, li transfòme ou. Li kraze ou an miyèt moso, epi refè ou nan fason pa l. Gen fwa li fè ou pèdi tèt ou san ou menm pa remake, epi se twò ta lè moun reyalize sa w ap pase.

Avèk tout « flashback » silans, ak je ki pale plis pase mo, reyalizatè afro-ameriken Tyler Perry mete chak sèn tankou yon kout ponya nan kè.
« Straw », ki soti 6 jen 2025 lan sou Netflix, resevwa anpil lwanj pou chimen sansib li ak dyalòg ki frape lespri. Fim nan ranpòte plizyè prim nan festival endepandan, espesyalman pou meyè senaryo dramatik ak meyè entèpretasyon fanm. Li deja sou lis pou pwochen « Independent Spirit Awards » lane sa a.