« Grazie, Francesco ! » : men 7 sekrè ki te kache nan antèman pap la

Antèman pap Franswa te yon moman ki ranpli ak emosyon ak enspirasyon, kote mond lan te vini ansanm pou onore yon lidè ki te viv yon lavi dedye a sèvis ak imilite. Nan yon epòk kote divizyon ak konfli ap domine, li te montre kijan yon veritab lidè ka fè yon diferans, pa sèlman nan pawòl li, men nan aksyon li. Atik sa a ap eksplore 7 sekrè ki te karakterize antèman li a, ki pa sèlman reflechi sou sa li te reyalize, men tou sou leson nou ka tire pou yon mond ki bezwen plis konpasyon ak inite.

1️⃣𝐕𝐫è 𝐠𝐫𝐚𝐧𝐝è 𝐚 𝐜𝐡𝐢𝐭𝐚 𝐧𝐚𝐧 𝐬𝐞𝐧𝐩𝐥𝐢𝐬𝐢𝐭𝐞

Lè yon gwo tèt mouri, fineray li se yon okazyon inik pou raple grandè l. Gen sa ki menm konn antere nan sèkèy k ap friz pou konsève kò yo. Pap Franswa te mande 4 fèy planch sèlman. Pa t gen flè ak gwo dekorasyon, se pa t yon neglijans, men pito chwa defen an ki te prefere yon seremoni senp. Sa montre aklè bèl aparans pa defini sans lavi ni grandè.

2️⃣𝐒è𝐯𝐢 𝐦𝐨𝐮𝐧 𝐬𝐞 𝐜𝐡𝐞𝐦𝐞𝐧 𝐢𝐦ò𝐭𝐚𝐥𝐢𝐭𝐞

Pap la te toujou gen yon panse spesyal pou moun pòv, moun ki majinalize, ak moun yo bliye yo epi lemond onore li pou sa. Yo pa p sonje li kòm « pap la, » men kòm yon sèvitè limanite.

3️⃣𝐋è 𝐰 𝐠𝐞𝐧 𝐦𝐨𝐝𝐞𝐬𝐭𝐢 𝐨𝐮 𝐠𝐞𝐧 𝐩𝐥𝐢𝐬 𝐞𝐧𝐩𝐚𝐤

Antèman modès pap la pa diminye enfliyans li te genyen, okontrè li ogmante. Moun ki pa t konnen l nan vivan vin chèche konnen l lè l mouri, se tankou li vin pi popilè. Sa montre nan ki nivo imilite ak modesti pale fò pou yon lidè.

4️⃣𝐑𝐞𝐤𝐨𝐧𝐞𝐬𝐚𝐧𝐬 𝐦𝐚𝐜𝐡𝐞 𝐚𝐤 𝐥𝐢𝐝è𝐜𝐡𝐢𝐩 𝐤𝐢 𝐬𝐞𝐧𝐩

Plis pase 200 mil moun asiste fineray pap la nan plas Sen Pyè a. Moun yo pa t sispann kriye « Grazie, Francesco!  » (Mèsi, Franswa !). Sa montre kijan yon lavi enb atire lanmou ak rekonesans reyèl. Pap la te gate moun yo. Gen aksyon li te konn fè yo p ap janm bliye, tankou lave ak bo pye prizonye, anbrase malad yo, elatriye.

5️⃣𝐈𝐧𝐢𝐭𝐞 𝐤𝐫𝐞𝐲𝐞 𝐧𝐚𝐧 𝐈𝐦𝐢𝐥𝐢𝐭𝐞

Relijyon se pami sous divizyon nan mond lan. Pap Franswa te chita pale ak tout moun nenpòt relijyon ou pratike. Se te premye pap nan listwa ki vizite Irak, yon peyi ki konnen anpil gè, teworis ak konfli relijye. Nan fineray li, lidè Islamik, Jidayis, Boudis ak lòt relijyon te prezan. Se yon temwayaj travay li te fè pandan tout lavi li pou dyalòg ak lapè ant relijyon yo.

6️⃣𝐘𝐨𝐧 𝐌𝐞𝐬𝐚𝐣 𝐏𝐨𝐮 𝐋𝐚𝐩è 𝐧𝐚𝐧 𝐲𝐨𝐧 𝐦𝐨𝐧𝐝 𝐤𝐢 𝐧𝐚𝐧 𝐆è

Plizyè lidè politik ki te nan kont chita pale nan antèman pap la. Pami yo, prezidan Donald Trump ak prezidan Volodymyr Zelensky ki te gen gwo dezakò dènyèman sou gè Ikrèn/Risi a. Nèg yo fè bèl dyalòg. Dayè, daprè sa ki soti nan laprès, sa bay gwo espwa pou avni Ikrèn. Yon bagay pap la te toujou swete.

7️⃣𝐌𝐞𝐬𝐚𝐣 𝐒𝐨𝐥𝐢𝐝𝐚𝐫𝐢𝐭𝐞 𝐚𝐤 𝐣𝐢𝐬𝐭𝐢𝐬 𝐬𝐨𝐬𝐲𝐚𝐥

Pap la te toujou raple lidè politik yo « Nou pa lèdmi menm si nou gen fwontyè ki separe nou ak kwayans diferan, nou se frè paske mond lan se yon sèl ».

Nan yon epòk kote anpil peyi gen kriz imigrasyon, inegalite ak konfli entèn, kote anpil lidè ap chèche pouvwa ak glwa pèsonèl yo, antèman pap la se te yon envitasyon pou dirije ak senplisite ak konpasyon.

Si w pa t konn sa, Vatikan se yon peyi. Li se pipiti Eta nan mond lan avèk yon sipèfisi 0,439 km2. Sa vle di yon pap se pa sèlman yon lidè relijye, men se yon chèf Leta tou.

Legliz Katolik gen anviwon 1,4 milya fidèl nan mond lan, kidonk, ou ka di pap la se lidè k ap dirije plis moun lan. Men, li se lidè ki pi modès la. Soulye ki nan pye l anndan sèkèy la ka temwanye sa byen. Se ak li li te konn mache fè pyepoudre nan tout kwen mond lan pandan li te vivan, ebyen se ak li ankò li rantre anba tè lè li mouri.

Sa dwe enspire lidè Legliz yo pou yo konprann Legliz pa sèlman yon gwo chanmòt oswa enfliyans politik, men yon enstitisyon ki baze sou sèvis, imilite, ak konpasyon. Legliz la pa la sèlman pou prepare moun pou syèl, men pou pran swen sou tè a epi sèvi kominote yo.

Nan yon peyi tankou Ayiti, chanjman pa posib san legliz. Lidè Legliz yo ka fè ministè yo tounen fòs pou transfòme kominote yo epi enspire chanjman reyèl nan peyi a. Lè nou kite relijyon nan yon kwen, gen anpil bagay nou ka aprann nan men lavi ak antèman pap Franswa a.

Par : Alcé Mackendy Henry

Swiv moun ki ekri tèks la sou Facebook : https://www.facebook.com/share/16WyDoBrLw/

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *