Etazini nan bouch tout moun depi aprè 133 kadinal elektè yo fin chwazi, jedi 8 me 2025 lan, Robert Francis Prevost kòm 267tyèm pap Legliz katolik women an. Kadinal ameriken an chwazi non Léon XIV. Men, kisa sa vle di pou relasyon l avèk kèk gwo lidè politik nan mond lan, espesyalman nan kontèks Ameriken an ?
Se vre kadinal Robert Francis Prevost fèt Etazini, men se nan peyi Perou li fè tout tan l pandan 10 dènye lane yo, kote limenm pran nasyonalite perivyen nan lane 2015. Li gen lontan li pa mete pwent pye l nan peyi Tonton Sam lan.
Sosyalis pase l pa genyen. Papa Robert te gen orijin fransè ak italyen, manman l te gen orijin espanyòl. Li se youn nan kadinal ki te pi zanmi ansyen pap Franswa, ki mouri 21 avril pase a. Li se yon disip Franswa, sa vle di li se yon refòmis menmjan ak li. Li wè moun avan tout bagay.

Nan yon moman ki chaje ak esperans ak defi, Robert Francis Prevost, ki chwazi non Léon XIV, vin premye pap ameriken nan istwa Legliz Katolik la. Sa a se yon okazyon pou reflechi sou chanjman, refòm ak sa ki ap tann nou nan yon mond ki toujou ap evolye.
Antisipasyon sa a pote anpil kesyon sou kouman relasyon nouvo pap la avèk kèk gwo lidè politik sou planèt tè a, espesyalman 47tyèm prezidan Etazini a Donald Trump, pral ye.

Menmjan ak anpil gwo lidè politik nan mond lan, sikontans lan oblije sa, Donald Trump fè yon pòs pou li felisite 267tyèm pap Legliz katolik la.
« Felisitasyon pou kadinal Robert Francis Prevost, ki sot nome pap. Se yon onè pou m konnen li se premye pap ameriken », se sa Trump ekri sou paj Facebook ofisyèl li, pandan li fè konnen se yon onè pou Etazini, epi li pa ka tann pou l rankontre pap Léon XIV.

Pou anpil espesyalis, se jwèt diplomasi Trump ap fè la. Lè yo konsidere nouvo pap la, Léon XIV, pa danse kole avèk prezidan Donald Trump ak vis-prezidan J. D. Vance, epi yo menm tou pa danse kole ak li. Kadinal Robert Francis Prevost te toujou ap fè twit k ap kritike politik anti-imigran administrasyon Trump lan.
3 fevriye 2025, kont sa a, ki gen foto natif Chicago a avèk ansyen pap François epi Vatikan konfime otantifikasyon, voye nou tou dwa nan yon atik ki gen tit sa a : « JD Vance fè erè : Jezi pa mande nou pou nou mete nan lòt enpòtans lanmou nou pou lòt moun. »
Pou espesyalis yo, jan tout moun konnen sa, depi yon moun kanpe an favè imigran, Trump p ap renmen w. Se pa san rezon favori l nan kous pou vin pap la se te achevèk New York la, kadinal Timothy Dolan, ki se yon konsèvatè anraje menmjan ak li.
Lè nou konsidere ki jan nouvo pap la te toujou kanpe pou respè dwa imigran epi pawòl espesyalis sa yo, li evidan li pa pral fasil pou li jere relasyon li ak yon figi politik ki pa vle wè imigran.
Li posib pou nou asiste chak vire tounen pandan manda Trump lan gwo eskonbrit ant limenm ak pap Léon XIV. Kidonk, tankou slogan ayisyen an te ka di l, sa riske « fini trè mal ».
