Pòtoprens tèt anba aswè a : Anie Alerte fenk eksprime kè kase l

Chantèz Anie Alerte pa kache kè sote l fas ak sitiyasyon malouk k ap dewoule nan peyi Dayiti, espesyalman kapital la, Pòtoprens, aswè samdi 2 mas la.

Chantèz la eksprime enkretid li. Li se premye atis ayisyen ki eksprime l piblikman, aswè samdi 2 mas la, pou pale ak popilasyon ayisyen an, espesyalman moun Pòtoprens, nan sa yo twouve yo la.

Nan yon piblikasyon li fè sou paj fesbouk li, atis la mande pou moun k ap viv Pòtoprens nan moman sa pa plede rete sou entènèt la, gaspiye chaj yo pou si y ap bezwen klere oubyen rele yon pwochen si sa vin pi mal.

Anie Alerte swete sitwayen kapital la bon kouraj paske, daprè sa l di, yo gen twòp tan y ap pran kou. Yo dwe fè tout jefò pou yo rete vivan.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *