Skandal nan Jeremi : yon elèv melanje bòz ak popkòn vin vann kamarad li yo

Nan vil Jeremi, depatman Grandans, yon zak mechanste san parèy leve plim sou do anpil moun. Yon elèv pran abitid vann popkòn melanje ak « bòz » (dwòg) bay lòt elèv nan lekòl la. Plizyè timoun pèdi konesans ak sentòm grav..

Depi kèk jou, elèv yo t ap plede toudi youn aprè lòt aprè yo fin manje popkòn misye t ap vann yo. Gen ladan yo ki t ap vwomi, mache tankou moun fou, san konnen kote yo ye. Yo te oblije mennen plizyè nan yo lopital an ijans. Se lè sa a verite a kreye sezisman : popkòn lan te melanje ak « bòz », yon sibstans dwòg ki ka detwi lavi.

Daprè pòtpawòl lapolis la nan Grandans, Alex Legagneur, sispèk la rekonèt devan lapolis li te melanje popkòn lan ak bòz avan li vann li bay lòt elèv yo. Lapolis te mete men sou li 21 novanm pase a aprè direksyon lekòl la te depoze plent kont li pou zak malveyan ki mete sante timoun yo an gwo danje.

Kounye a, lajistis pran dosye a an men pou limyè fèt sou tout detay, epi popilasyon an mande jistis sevè pou jèn sa a ki te chwazi jwe ak lavi kamarad li yo.

Paran yo cho, anseyan yo choke, kominote a endinye. Tout moun mande pou lekòl yo vin pi vijilan, epi pou timoun yo jwenn plis pwoteksyon kont pratik kriminèl ki ta ka koute lavi yo.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *