Donald Trump, 47e prezidan Etazini an, fè pale de li nan tout medya yo aprè li pataje yon imaj ki montre l kòm pap. Piblikasyon sa a pote anpil diskisyon sou sa ki ka rive si Trump ta gen chans pou l vin pap.
Se vandredi 2 me a, Donald Trump lage bonm sa nan medya yo. Li pataje yon imaj kote li parèt abiye tankou pap ak tout detay ki sòti nan estil tradisyonèl yo. Foto sa a, ki te pibliye sou platfòm rezo sosyal li a « Thruth Social », rapidman repibliye sou kont ofisyèl Mezon Blanch lan, sou platfòm X.
Imaj la, k ap fè virewonn sou entènèt la, kreye yon gwo eskonbrit sou rezo sosyo yo. Anpil moun ap mande si sa a se yon blag oswa se Trump seryezman ki fè jefò pou l rantre nan yon wòl konsa. Reyaksyon yo montre yon melanj ant ri, sipriz ak menm kèk kritik ki kwè se yon mank respè.
Kòm yon figi ki souvan ap divize opinyon, Donald Trump toujou jwenn fason pou li fè pale de li. Kounye a, menm nan domèn relijye, li rive kreye yon imaj avèk entèlijans atifisyèl ki montre l kòm pap. Kisa ki ta rive si yon moun ki gen yon imaj ki divize tankou Trump ta vin pap ?

Ki kote ide vin pap Donald Trump sa soti ?
Tout koze sa kòmanse, madi 29 avril 2025 lan, avèk yon kesyon ki te poze. Pandan yon entèvyou ak kèk jounalis, Donald Trump te etone piblik la lè li te eksprime dezi l pou ranplase pap François. Lè yon jounalis te mande l ki moun li ta swete ki vin pap, li te reponn san ezitasyon : « Mwen ta renmen vin pap, mwen t ap chwa nimewo 1 an. » Deklarasyon sa a te soulve anpil kesyon sou entansyon li yo.
Gen anpil moun ki wè sa kòm yon lòt strateji Trump itilize pou l rete nan tit nouvèl yo. Gen lòt ki panse sa se yon fason li itilize pou atire atansyon ak sipò nan yon peryòd kote politik ameriken an ap chache nouvo lidè. Nan nenpòt ka, deklarasyon sa a ak imaj sa a kontinye fè pale anpil, epi soulve kesyon sou ki jan politik Trump ka evolye nan tan kap vini an.
Nan yon mond kote lidèchip ak pouvwa yo souvan konfonn, sa a se yon opòtinite pou reflechi sou wòl moun ki nan pozisyon pouvwa yo. Sa a fè nou sonje relijyon ak politik yo souvan mare ansanm, epi li enpòtan pou nou kontinye diskite sou sijè sa yo ak sansibilite.
